Haitian Creole Bible

1 Kings 12

1 Kings

Return to Index

Chapter 13

1

¶ Lè sa a, Seyè a bay yonn nan pwofèt li yo ki te nan peyi Jida lòd pou li moute lavil Betèl. Lè li rive lavil Betèl, Jewoboram te kanpe bò lotèl la ap boule lansan.

2

Dapre lòd Seyè a te ba li a, pwofèt la pale byen fò, li bay mesaj sa a sou lotèl la: -Ou menm lotèl! Wi, ou menm lotèl! Men sa Seyè a di: Nan fanmi David la, gen yon timoun ki pral fèt, y'ap rele l' Jozyas. L'ap vini, l'ap pran tout prèt k'ap sèvi nan kay zidòl yo, prèt k'ap boule lansan sou ou yo, l'ap touye yo sou ou. Lèfini, sou ou ankò y'a boule zosman moun.

3

Menm jou sa a pwofèt la bay yon siy, li di konsa: -Lotèl sa a pral fann de bò. Sann dife ki sou li a pral gaye tout atè a. Lè n'a wè sa, n'a konnen se Seyè a menm ki pale nan bouch mwen.

4

Lè Jewoboram tande pawòl pwofèt la te di sou lotèl Betèl la, li lonje men l' anwo lotèl la sou pwofèt la, li di: -Pran msye! Men, men li te lonje sou pwofèt la rete tou rèd, li pa t' ka fè yon mouvman avè l' ankò.

5

Lamenm, lotèl la rete konsa, li fann de bò, epi sann dife ki te sou li a gaye tout atè a, jan pwofèt la te di sa nan non Seyè a.

6

wa Jewoboram pran lapawòl ankò, li di pwofèt Bondye a konsa: -Tanpri, lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou mwen. Mande l' pou l' geri men m'. Pwofèt la lapriyè Seyè a vre, epi men wa a geri, li vin jan li te ye anvan an.

7

Apre sa, wa a di pwofèt la konsa: -Ann al lakay avè m'. W'a manje. Lèfini, m'a fè ou kado kichòy.

8

Pwofèt la reponn: -Ou ta mèt ban mwen mwatye nan tout richès ou yo, mwen p'ap mete pwent pye m' lakay ou. Mwen p'ap manje pen, ni mwen p'ap bwè dlo isit la.

9

Paske, Seyè a te ban mwen lòd pou m' pa ni manje ni bwè anyen, lèfini pou m' pa pran menm chemen mwen te vini an pou m' tounen lakay mwen.

10

Se konsa li pran yon lòt wout pou l' tounen lakay li, li pa pran menm chemen li te pran lè li t'ap vini lavil Betèl la.

11

¶ Nan tan sa a, te gen yon pwofèt ki te rete lavil Betèl. Li te granmoun anpil. Pitit gason l' yo vin rakonte l' tou sa pwofèt Bondye a te fè jou sa a lavil Betèl, ak tou sa li te di wa Jewoboram.

12

Pwofèt la mande yo ki wout yo wè l' pran. Pitit gason l' yo moutre l' chemen pwofèt Bondye ki te soti peyi Jida a te pran.

13

Li di pitit gason l' yo sele bourik li pou li. Yo sele bourik li a, li moute sou li,

14

li pati dèyè pwofèt Bondye a. Li jwenn li chita anba yon pye chenn. Li mande l': -Se ou menm pwofèt Bondye ki soti peyi Jida a? Nonm lan reponn: -Se mwen wi!

15

Li di l' konsa: -Ann al lakay avè m'. W'a manje kichòy!

16

Men pwofèt peyi Jida a di l': -Non, m' pa ka tounen avè ou, ni m' pa ka al lakay ou. Lèfini, m' p'ap manje, m' p'ap bwè anyen avè ou isit la.

17

Paske Seyè a te ban m' lòd pou m' pa t' ni manje ni bwè anyen avè ou isit la, lèfini pou m' pa pran menm chemen mwen te pase pou m' vini an pou m' tounen.

18

Lè sa a pwofèt lavil Betèl la di l': -Mwen menm tou, mwen se yon pwofèt tankou ou. Se Seyè a menm ki te voye yonn nan zanj li yo vin di m' pou m' fè ou tounen lakay ansanm avè m', lèfini pou m' ba ou manje, pou m' ba ou bwè! Men se manti pwofèt lavil Betèl la t'ap ba li.

19

Se konsa pwofèt peyi Jida a tounen lakay pwofèt Betèl la, li manje, li bwè avè l'.

20

Yo te chita bò tab la toujou lè Seyè a pale ak pwofèt Betèl la

21

ki pale byen move ak pwofèt peyi Jida a. Li di l' byen fò: -Seyè a di ou ou pa koute lòd li te ba ou, ou pa fè sa li te mande ou fè a.

22

Okontrè, ou tounen, ou manje, ou bwè yon kote li te ba ou lòd pa fè sa. Se poutèt sa w'ap mouri, lèfini, ou p'ap antere nan kavo fanmi ou.

23

¶ Lè yo fin manje, pwofèt lavil Betèl la sele bourik pwofèt peyi Jida a pou li.

24

Pwofèt peyi Jida a pati. Li kontre ak yon lyon sou chemen li, lyon an touye l'. Kadav li te blayi atè a nan mitan chimen an. Bourik la ak lyon an te rete la bò kote l'.

25

Moun ki t'ap pase bò la wè kadav la atè nan chimen an ansanm ak lyon an bò kote l'. Yo antre lavil Betèl kote pwofèt granmoun lan te rete a, yo rakonte sa yo wè.

26

Lè pwofèt la tande sa, li di: -Se pwofèt ki te dezobeyi lòd Seyè a te ba li a. Konsa, Seyè a voye yon lyon atake l'. Lyon an kraze l', li touye l' jan Seyè a te di l' l'ap fè l' la.

27

Li di pitit gason l' yo. -Sele bourik la pou mwen! Yo sele bourik msye.

28

Msye pati, li jwenn kadav pwofèt peyi Jida a lonje atè a nan chimen an, bourik la ak lyon an kanpe bò kote l' toujou. Lyon an pa t' manje kadav la, ni li pa t' fè bourik la anyen.

29

Pwofèt lavil Betèl l'a ranmase kadav l'a, li mete l' sou bourik la, li pote l' tounen lavil Betèl. Li pran lapenn pou li. Lèfini, li antere l'.

30

Li mete kadav la nan kavo pwòp fanmi l'. Li menm ansanm ak pitit gason li yo kriye pou li, yo t'ap di: -Woy, frè mwen! Ou al kite m' vre?

31

Apre lantèman an, pwofèt la pale ak pitit gason l' yo. Li di yo: -Lè m'a mouri, n'a antere m' nan kavo sa a, n'a mete kadav mwen kole kole ak kadav pa l' la.

32

Pawòl Seyè a te ba li lòd di sou lotèl lavil Betèl la ak sou lòt kote y'ap fè sèvis nan lavil Samari yo gen pou rive vre.

33

Apre tout bagay sa yo, Jewoboram, wa peyi Izrayèl la, donnen pi rèd nan vye bagay li t'ap fè yo. Li t'ap chwazi moun nan pèp la toujou pou sèvi prèt nan tanp li te bati pou zidòl yo. Depi yon moun te vle prèt, li te ba l' pouvwa a pou li te sèvi prèt nan tanp zidòl yo.

34

Se konsa, tout fanmi Jewoboram lan lage kò yo nan fè sa ki mal. Se poutèt sa, tout fanmi sa a fini, li disparèt nèt sou latè.

1 Kings 14

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: