Haitian Creole Bible

2 Kings 10

2 Kings

Return to Index

Chapter 11

1

¶ Lè Atali, manman Okozyas, vin konnen yo te touye pitit li a, li bay lòd pou yo touye tout rès fanmi wa a.

2

Men lè yo t'ap touye pitit wa yo, Jocheba, pitit fi wa Joram, sè menm papa ak Okozyas la, te pran Joas, yonn nan pitit gason Okozyas yo, li kache l' ansanm ak moun ki te sèvi l' nouris la nan yon chanm kote moun dòmi nan tanp lan. Yo pa kite Atali wè Joas. Se konsa Joas pa mouri.

3

Joas rete kache nan tanp lan ansanm ak moun ki te sèvi l' nouris la pandan sizan. Atali menm t'ap gouvènen peyi a.

4

¶ Sou setyèm lanne a, Jeojada, prèt la, fè chache tout kaptenn gadkò wa a ak tout chèf gad palè yo, li fè yo vin jwenn li nan tanp lan. La, li pran dizon ak yo, li fè yo fè sèman epi li moutre yo Joas, pitit wa a.

5

Apre sa, li ba yo lòd sa a: --Men sa nou pral fè! N'ap separe moun k'ap vin pran pòs jou repo a an twa gwoup menm fòs, yon gwoup va fè pòs nan palè wa a,

6

yon lòt gwoup va kanpe bò pòtay Sou a, dènye gwoup la va rete bò pòtay ki dèyè lòt gad yo. Y'a moute lagad nan palè wa a yonn apre lòt.

7

De gwoup gad k'ap leve pòs jou repo a va moute gad nan tanp Seyè a pou pwoteje wa a.

8

N'a fè yon gwo wonn ak wa a nan mitan. N'a kenbe zam nou nan men nou. Si yon moun ta vle pase nan mitan nou se pou nou touye l'. Kote wa a va fè, n'a fè avè l'.

9

Kaptenn yo fè tou sa Jeojada, prèt la, te ba yo lòd fè a. Yo pran tout gad yo, ni sa ki t'ap pran pòs jou repo a, ni sa ki t'ap leve pòs jou sa a tou, y' al jwenn Jeojada, prèt la.

10

Jeojada pran frenn ak plak pwotèj wa David yo ki te nan Tanp Seyè a, li bay kaptenn gad yo kenbe.

11

Gad yo menm, yo chak ak zam yo nan men yo, li ranje yo tout devan Tanp lan depi sou bò dwat rive sou bò gòch, yo fè wonn lotèl la pou pwoteje wa a.

12

Lè sa a, Jeojada fè pitit wa a soti. Li mete kouwòn lan sou tèt li, li renmèt li kontra Bondye a. Li vide lwil sou tèt li epi li deklare Joas wa. Tout moun bat bravo, yo pran rele: Viv wa a!

13

¶ Lè Atali tande tout bri gad yo ak pèp la t'ap fè, li kouri al nan tanp lan kote moun yo te ye a.

14

Li wè wa a kanpe bò gwo poto a, jan sa te toujou fèt la. Tout chèf yo ak tout mizisyen yo te bò kote wa a, tout pèp la te kontan, yo t'ap kònen twonpèt. Lè Atali wè sa, kè l' kase. Li chire rad sou li, li rele: --Men yo moute yon konplo sou do m!

15

Lamenm Jeojada, prèt la, bay kaptenn ki t'ap kòmande lame a lòd sa a: --Pase nan mitan de ran sòlda yo avè l', mennen l' deyò. Touye nenpòt moun nou wè k'ap swiv li. Prèt la pa t' vle pou yo touye l' nan Tanp Seyè a.

16

Yo pran Atali, yo mennen l' nan palè wa a bò Pòtay Chwal yo. Se la yo touye l'.

17

¶ Apre sa, Jeojada, prèt la, pase yon kontra ant Seyè a ak wa a ansanm ak pèp la. Dapre kontra a, yo rekonèt se pèp Seyè a yo ye. Li pase yon kontra tou ant wa a ak pèp la.

18

Lèfini, tout pèp la al nan tanp Baal la, yo demoli l'. Yo kraze tout lotèl yo ak tout estati yo byen kraze. Yo touye Matan, prèt Baal la, devan lotèl yo. Jeojada mete gad veye Tanp Seyè a.

19

Apre sa, li menm, kaptenn yo, gad wa yo, gad palè yo ak tout pèp la, yo soti nan Tanp lan ansanm ak wa a, y' ale nan palè wa a. Yo pase antre nan pòt gad yo. Joas al chita sou fotèy wa a.

20

Tout pèp la te kontan anpil. Yo te touye Atali ak kout nepe nan palè wa a. Apre sa, pa t' gen yon ti bri nan tout lavil la.

21

Joas te gen sètan lè l' moute wa.

2 Kings 12

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: